JOUNEN MONDYAL LANG KREYÒL

Kote lang kreyòl la soti e ki enpotans li nan lavi chak grenn ayisyen antake mwayen pou kominike e yon fos kiltirèl.

Pierre Jean Max A.C

10/28/20242 min read

Jounen mondyal Lang kreyòl

Lang kreyòl la soti nan peryòd kolonyal la, lè yon gwoup afriken t mennen de fòs nan karayib la, amerik di sid ak lòt pati nan mond lan pou vin travay sou zile a kòm esklav. Yo tout pat pale menm Lang , yo chak t pale Lang peyi kote yo soti a. Yo t oblije pale ak mèt yo Nan kontak sa yo, yon nouvo lang te pran nesans, ki te konbine mo ak estrikti ki sòti nan diferan lang Afriken ak lang kolon yo. Se konsa, kreyòl la te vin parèt kòm yon lang melanje, men ki gen pwòp règ ak pwòp gramatik li.

Kreyòl ayisyen an te pran nesans nan menm sikonstans sa yo, espesyalman pandan peryòd kote esklav Afriken yo te viv sou plantasyon kolonyal fransè yo. Yo te fòse kominike ak fransè yo, men yo te pote ansanm tradisyon langaj Afriken yo, ki te kreye yon nouvo lang kreyòl ki te fasil pou tout moun konprann. Depi sa, kreyòl ayisyen an devlope kòm yon lang natif natal ki pote idantite, kilti, ak eksperyans pèp ayisyen an. Li sèvi tankou lang nasyonal Ayiti, e li se lang ki pale nan tout pati nan peyi a, pami tout klas sosyal.

Kreyòl ayisyen an pa sèlman yon mwayen kominikasyon; li se yon senbòl libète. Apre Ayiti te vin premye repiblik nwa endepandan an 1804, kreyòl la te sèvi kòm yon zouti pou ini pèp la, pwoteje kilti li, epi fè pase ideyal revolisyonè yo. Jodi a, malgre anpil lang etranje ap antre nan peyi a, kreyòl ayisyen an kontinye fò, vivan, e li gen yon plas espesyal nan kè tout Ayisyen.

Chak 28 Oktòb, nou selebre Jounen Mondyal Lang Kreyòl, yon okazyon espesyal pou mete lang nou, kilti nou ak idantite nou an valè.

Kreyòl ayisyen an se plis pase yon mwayen kominikasyon, se yon pati esansyèl nan lespri ak nanm pèp ayisyen an. Li ranmase istwa nou, batay nou, ak tout kreyativite nou. Pandan anpil tan, li te soufri mepri ak diskriminasyon, men jodi a, nou fyè de fè wè li gen tout plas li nan mond lan.

Yo estime gen anviwon 15 a 20 milyon moun k ap pale lang kreyòl atravè lemond, men sa gen ladan li divès kreyòl ki baze sou plizyè lang ewopeyen. Pami yo, kreyòl ayisyen an se youn nan lang ki plis pale, ak anviwon 12 milyon moun.

Gen lòt kreyòl tou, tankou kreyòl Matinik, Gwadloup, Guyàn, kreyòl Lwizyana, epi kreyòl ki nan Zil Sesel, Moris ak Kap Vè, ki pale nan kominote pa yo tou.

Nan Quickayiti nou kwè nan fòs kreyòl ayisyen an, se pou sa nou chwazi sèvi avè l pou kominike, kreye, ak ankouraje kilti nou. Lang lan pote yon sonorite ak yon richès ki pote inikite nan kominikasyon nou ak kliyan nou yo. Lè nou itilize kreyòl la, nou pa sèlman fè pase yon mesaj, nou kreye yon koneksyon, nou ranfòse lyen nou ak kominote a.

Jounen Mondyal Lang Kreyòl la se yon apèl pou kontinye bay lang nou an jarèt, ankouraje pwodiksyon literè, atistik, ak kominikasyon nan kreyòl. Nou envite tout moun pou selebre kreyòl la, pale li, ekri li, epi fè l klere kòm senbòl rezistans ak kreyativite ayisyen an.

Laissez nous un commentaire

Votre avis sur nos articles est très important pour nous. N'hésitez pas à nous faire part de ce que vous en pensez.